Kiyès nou ye

WKKF envesti nan devlopman lidè pandan plis pase 90 lane. Alòske nou sipòte plizyè pwogram bousdetid, kote yo te konsevwa ak mete anplas plizyè ladan yo andeyò WKKF, la a w ap jwenn lis pwogram lidèchip anblematik ki fè pati Rezo Bousye Global WKKF la.

Si w panse ou se yon bousye epi ou vle jwenn plis enfòmasyon, kontakte nou.

Chif yo pou rezo a

Yon apèsi Rezo Bousye Global la apati chif yo.

Bousye yo
0
Peyi yo
0
Pwogram yo
0

Pwogram sa yo reprezante plis pase 40 lane devlopman lidèchip atravè plis pase 40 peyi.

Ki kote nou ye

Rezo Bousye Global la se yon kominote ki gen plis pase 1,100 ajan chanjman, lidè opinyon ak enfliyansè ki soti nan plis pase 40 peyi – ki reprezante divès milye, sektè ak jenerasyon. Y ap travay pou yo fè chanjman ki pote transfòmasyon toupatou nan mond lan avèk majorite a ki lokalize nan Amerik Latin ak Karayib la, Afrik Disid ak Etazini. Nan dènye lane yo, pwogram lidèchip anblematik nou an – Rezo Lidèchip Kominotè a – te konsantre sou devlopman lidè nan peyi Etazini ak nan tribi souvren yo, sitou nan lokalite priyoritè nou yo: Michigan, Mississippi, New Mexico ak New Orleans.

Pwogram bousdetid W.K. Kellogg Foundation

Depi egzistans nou nan lane 1930, W.K. Kellogg Foundation (WKKF) te angaje l sou plan mondyal la nan devlopman lidè, paske nou reyalize ke se nan nivo kominote a ke chanjman fèt. Alòske nou finanse plizyè pwogram bousdetid pandan ane ki pase yo, la a w ap jwenn lis pwogram fòmèl ki fè pati Rezo Bousye Global WKKF la.

Ane Aktivite yo: 1980-2002
Kantite Patisipan: 706
Pwogram Nasyonal Bousdetid/Lidèchip Kellogg (Kellogg National Fellowship/Leadership Program, KNLP)
Pwogram sa a te enkli 16 gwoup bousye ki soti nan peyi Etazini, epi se WKKF ki te administre l dirèkteman. Li te konsevwa pou li founi kwasans pèsonèl ak pwofesyonèl sou yon peryòd twa lane, elaji konesans ak kapasite lidè yo atravè seminè, aprantisaj grasa eksperyans endividyèl ak nan ti gwoup, vwayaj detid ak mantora. Non tout moun konnen an se Pwogram Nasyonal Lidèchip (National Leadership Program), pwogram nan te chanje non; li te rele Pwogram Nasyonal Bousdetid Kellogg (Kellogg National Fellowship Program), li vin tounen Pwogram Nasyonal Lidèchip Kellogg.
Ane Aktivite yo: 1986-1990
Kantite Patisipan: 22
Pwogram Entènasyonal Bousdetid Kellogg/Sante (Kellogg International Fellowship Program/Health, KIFP/H)
Pandan se Enstiti Sante Entènasyonal Inivèsite Eta Michigan nan ki te administre l, pwogram nan te enkli bousye ki soti nan 18 peyi ak senk kontinan epi li te konsantre sou pwogram edikasyon medikal kominotè ak swen sante debaz.
Ane Aktivite yo: 1986-1990
Kantite Patisipan: 32
Pwogram Entènasyonal Bousdetid Kellogg/Sistèm Alimantasyon (Kellogg International Fellowship Program/Food Systems, KIFP/HS)
Pandan se Enstiti Agrikilti Entènasyonal Inivèsite Eta Michigan nan ki te administre l, pwogram nan te sipòte bousye ki soti nan Amerik Disid, Afrik ak Azi pou amelyore konpetans lidèchip yo pou ede sistèm alimantasyon yo pou fwaye ki gen revni fèb yo nan peyi k ap devlope yo.
Ane Aktivite yo: 1986-2013
Kantite Patisipan: 87
Bousye nan Alimantasyon

Enstiti Jefferson (Jefferson Institute) ak Enstiti pou Agrikilti ak Politik Komèsyal (Institute for Agriculture and Trade Policy, IATP) te administre twa pwogram: Bousdetid pou Politik Alimantè ak Sosyete (Food and Society Policy Fellowship, FSPF), Bousye nan Alimantasyon ak Politik (Food and Policy Fellows, FBF) ak Bousye nan Alimantasyon ak Kominote (Food and Community Fellows, FCF). Pwogram nan te rasanble bousye ki soti nan peyi Etazini ki gen eksperyans nan agrikilti, sante piblik, jounalis, reyalizasyon sinematografik ak rechèch sou politik. Chak gwoup yo te genyen jiska 12 bousye ki te patisipe nan yon eksperyans de (2) lane pou enfliyanse politik lokal, rejyonal ak nasyonal atravè efò kominikasyon estratejik. Bousdetid yo te enkli fòmasyon nan medya, aprantisaj eksperyansyèl ak seminè ki amelyore konpetans epi apwofondi konpreyansyon sou pwoblèm alimantasyon ak pwoblèm politik sou agrikilti yo.

FSPF te adrese pwoblèm ak defi ki asosye ak kontinyite eksplwatasyon familyal yo ak pwodiksyon alimantè a nan peyi Etazini.

FBF te konsantre l sou itilizasyon chèn medya popilè yo pou enfòme epi defini pwogram piblik la pou alimantasyon epi pou katalize chanjman kiltirèl ak chanjman nan politik yo.

FCF te konsantre l sou pwoblèm jistis alimantè yo, efò ranfòsman pou eradike dezè alimantè yo, kreye anviwònman alimantè ki bon pou sante timoun epi idantifye epi elimine faktè sosyetal ki kreye dezavantaj sante pou tout timoun."

Ane Aktivite yo: 1989-1998
Kantite Patisipan: 105
Pwogram Entènasyonal Lidèchip Kellogg (Kellogg International Leadership Program, KILP)
Pwogram nan, ke WKKF jere dirèkteman, sipòte de (2) gwoup bousye ki soti nan peyi Etazini, Amerik Santral ak Amerik Disid ak Afrik sou yon pwogram lidèchip ki dire twa lane. Objektif la se te pou amelyore kapasite lidèchip la pou sèvis imen nan tout mond lan.
Ane Aktivite yo: 1991-1996
Kantite Patisipan: 15
Patenarya Kominotè ak Ansèyman Pwofesyon Sante yo (Community Partnerships with Health Professions Education, CPHPE)
Pandan li dispanse atravè inivèsite nan sèt eta Ozetazini (Georgia, Hawaii, Massachusetts, Michigan, Tennessee, Texas ak West Virginia), pwogram nan te baze sou yon apwòch kominotè, pandan l t ap kowòdone rechèch sou sante kominotè, ankouraje kolaborasyon entèdisiplinè epi relye travayè nan sante yo ak manm lokal yo. Rezilta li te bay la se te 103 chanjman nan politik yo.
Ane Aktivite yo: 1998-2012
Kantite Patisipan: 164
Chèchè Bousye nan Sante (HFS)

Bousye ak Chèchè nan Sante yo enkli twa pwogram: Pwogram Chèchè nan Sante Kominotè (Community Health Scholars Program, CHSP), Pwogram Chèchè nan Disparite ki gen nan domèn Sante (Scholars in Health Disparities Program, SHDP) ak Bousye Kellogg nan Rechèch sou Politik sou Sante (Kellogg Fellows in Health Policy Research). Pwogram bousdetid de (2) lane a fòme yon kad lidè ki gen konpetans nan rechèch sou detèminan sosyal nan sante, patenarya kominotè akademik, rechèch kominotè patisipatif ak aplikasyon rechèch pou ranfòse pledwaye epi reyalize chanjman nan politik yo. Nan lane 2006, pwogram yo te konbine pou kreye Pwogram Kellogg pou Bousdetid nan Sante.

CHSP te kreye nan lane 1998 epi li te fonskyone rive lane 2007. Pandan yo te administre l atravè Inivèsite Michigan, li te fòme 46 bousye pòs-doktoral pou travay avèk kominote yo epi yo te angaje nan rechèch kominotè patisipatif.

Se Sant pou Pwomosyon Sante (Center for the Advancement of Health) la ki te administre SHDP a soti 2001 rive 2012. Pwogram nan te konsantre l sou devlopman nouvo lidè epi fòmasyon fiti pwofesè ak moun pou elabore politik nan efò pou diminye epi elimine disparite nan domèn sante yo.

Se Sant pou Pwomosyon Sante a ki te jere Bousdetid Kellogg nan Rechèch Politik sou Sante soti 1990 rive 2012. Yon pwogram pòsdoktoral, li te konsantre sou rediksyon disparite nan domèn sante epi kreyasyon patenarya ant kominote yo ak pwogram ansèyman sante yo."

Ane Aktivite yo: 2000-2019
Kantite Patisipan: 164
Pwogram Bousdetid Lidèchip Sosyal Amerik Latin ak Karibeyen (Latin American and Caribbean Social Leadership Scholarship Program, LASPAU)
Pwogram nan, ke LASPAU afilye ak Harvard te jere, te otonomize lidè lokal yo pou reponn ak pwoblèm sosyal yo nan kominote respektif yo atravè finansman rechèch pedagojik yo. Lidè yo te soti nan Amerik Latin, ki enkli zòn Chiapas ak Penensil Yucatan peyi Meksik ak nan Sant epi Sidwès Ayiti.
Ane Aktivite yo: 2003-2014
Kantite Patisipan: 230
Kellogg Programa de Fortalecimiento/Liderazgo [Pwogram Kellogg pou Devlopman Lidèchip (Kellogg Program for Leadership Development, KPFL)
Pandan li jere atravè GC Genera, pwogram nan te founi fòmasyon pou devlopman lidèchip pou lidè lokal yo ki soti nan Chiapas ak nan Penensil Yucatan nan Meksik. Pwogram nan te enkli de (2) gwoup, yo chak te dire 10 mwa, kote bousye te konekte ak lidè lokal kou rejyonal epi pran konesans sou pwojè devoòpman kominotè yo.
Ane Aktivite yo: 2010-2012
Kantite Patisipan: 53
Pwogram Lidèchip Afrik Disid Kellogg (KSAL)
Pwogram nan, ke Akademi pou Devlopman Pedagojik (Academy for Educational Development) t ap jere epi ke Fanmi Sante Entènasyonal (Family Health International) te vin ap jere annapre, te fonksyone nan sèt peyi (Botswana, Lesoto, Malawi, Mozanbik, Afrik Disid, Swaziland ak Zimbabwe) epi li te favorize lidèchip demokratik ak etik baze sou valè. Li te konsantre sou kreyasyon yon kad lidè ki dinamik atravè Afrik Disid la pandan l ap founi èd finansye pou etid pou pwogram etid siperyè ak premye sik ak devlopman lidèchip.
Ane Aktivite yo: 2011-2014
Kantite Patisipan: 24
Pwogram Devlopman Lidèchip pou Egalite Rasyal ak Sèks - Nòdès Brezil (KWETU)
Pwogram nan, ke Instituto Cultural Steve Biko t ap jere, te sipòte lidè ak òganizasyon ki nan zòn Nòdès peyi Brezil pou pwomouvwa chanjman estriktirèl nan kilti Brezilyen an ki gen rapò ak egalite rasyal ak ant sèks yo. Te sèlman gen yon grenn gwoup pou pwogram sa a.
Ane Aktivite yo: 2014-present
Kantite Patisipan: 199
Rezo Lidèchip Kominotè (CLN) WKKF
Pandan ke aktyèlman nou administre l nan patenarya ak Center for Creative Leadership (Sant pou Lidèchip Kreyatif) la, sa a se pwogram lidèchip ki pi resan nou nan peyi Etazini. Pwogram nan sipòte lidè ki fèk ap parèt ak lidè ki etabli deja pou yo konekte, grandi epi mennen yon chanjman transfòmasyonèl ki panche sou yon sosyete pi ekitab. Aksan espesyal la sou lokalite priyoritè WKKF yo: Michigan, Mississippi, New Mexico ak New Orleans.